Gen plizyè bagay ki lakòz epilepsi:

  • Domaj nan sèvo anvan, pandan oswa apre nesans, tankou:
    • Anomali nan devlòpman sèvo a
    • Domaj sèvo pandan peryòd perinatal (touswit anvan oswa touswit apre nesans) la akòz senyman oswa mank oksijèn
    • Domaj twomatik nan sèvo a, ki rive pi devan nan lavi
  • Anomali jenetik
  • Twoub dejeneratif ki afekte sèvo a
  • Twoub metabolik ak chimik
  • Enfeksyon nan sistèm nè a
  • Timè ak kayo san nan sèvo a
  • Reyaksyon toksik a medikaman oswa a lòt sibstans

Ou ka evite kèk nan kòz potansyèl ki domaje  selil sèvo yo – kidonk ou ka evite epilepsi – lè w pran bòn abitid pou swen sante, lè w pratike sekirite sou otowout, ak lè w pratike sekirite nan lwazi. Pa egzanp, akòz aksidan machin sèlman, gen 540 000 Ameriken ki sibi domaj nan tèt chak ane. Prèske 20 000 ladan yo ap devlope kriz epileptik k ap pèsiste akozdesa. Kidonk, prevansyon kont epilepsi konsantre sou evite domaj nan tèt ak domaj nan sèvo; e pou fè sa se pou obsève pwen senp swivan yo:

  • Minimize risk yo nan aktivite lwazi (mete kas pwoteksyon lè w ap monte bekàn, lè w ap monte esketbòd, lè w ap jwe foutbòl, lè w ap jwe bezbòl; pran anpil prekosyon lè w ap plonje anba dlo oswa lè w ap grenpe mòn).
  • Lè w ap kondwi tout kalite veyikil, kondwi yo avèk prekosyon (mete senti sekirite yo, respekte limit vitès yo, mete kas, lè sa nesesè).