SI YON KRIZ JENERALIZE PREZANTE…

Si w ap eseye ede yon moun k ap fè yon kriz tonik-klonik, men pwosedi yo rekòmande yo:

  • Piga eseye imobilize moun nan.
  • Debarase zòn kote n ye a pou evite blesi. Retire objè ki di oswa ki danjere; mete tèt moun nan sou yon kousen pou evite li frape atè a oswa pou evite li frape twòtwa a. Si moun nan gen linèt nan je l, retire yo.
  • Lache pati nan kòlèt rad la ak rad ki kouvri tèt la.
  • Vire moun nan pou mete l sou kote pou pèmèt krache l drennen sot nan bouch li.
  • PIGA mete okenn objè ki di nan bouch li oswa ant dan yo. (Li ka fè l trangle oswa li ka domaje bouch la oswa dan yo.)
  • Lè moun nan reprann konsyans li e kriz la sispann, ede jwenn yon kote pou moun nan repoze l epi pou l reyoryante l.

Pifò moun refè bripsoukou. Kidonk, jeneralman li pa nesesè pou rele asistans dijans amwenske moun nan pa abitye gen kriz tonik-klonik oswa si li ta vin blese. Sepandan, si kriz la dire pliske senk minit, oswa si yon kriz vin touswit apre yon lòt san moun nan pa repran konsyans, chèche jwenn èd medikal imedyatman.

 

SI YON KRIZ FOKAL PREZANTE…

Eseye evite imobilize moun nan epi kalmeman ede pwoteje moun ki gen kriz la pou l pa blese aksidantèlman. Lè li reprann konsyans li, ou ka ede moun nan pou l reyoryante l.