Fòm, entansite ak dire kriz yo gen rapò avèk kantite ak tip selil nan sèvo yo ki afekte. Gen de gwo tip kriz: jeneralize ak fokal. Yo varye ant latranblad ak pèt atansyon ki fèt pou yon moman.

Lè se toulède emisfè (pati) sèvo a ki enplike, yo di kriz yo “jeneralize” e yo afekte konesans ak fonksyon motris (abilite pou fè mouvman) depi lè kriz la deklanche. Lè se sèlman yon emisfè (pati) sèvo a ki afekte, yo di kriz yo “fokal” e inisyalman yo gen efè espesifik toudepannde pati nan sèvo a ki enplike. Moun ka gen toude tip kriz yo.

 

Tip Kriz

Kriz JENERALIZE – ki gen rapò avèk toude emisfè sèvo a

Kriz Tonik-Klonik (ke yo te konn rele “Gran Mal”)

Yon kriz tonik-klonik prezante lè moun nan gen latranblad e kò l vin rèd, bra l yo flechi, janm yo, tèt la ak kou a lonje, epi machwa yo fèmen byen sere; sa a se faz “tonik” la. Moun nan tonbe atè, dèfwa li pouse yon kri grav, e li pèdi konesans tanporèman pandan kèlke minit. Pandan tan sa a, respirasyon an sanble li difisil oswa li kanpe, kò a kontrakte, krache l ka akimile nan bouch li, epi li ka pipi sou li. Sa a se faz “klonik” la. Finalman, mouvman kontraksyon yo diminye epi moun nan repran konsyans, li ka plizoumwen dezoryante ak fatige akòz aktivite miskilè entans lan.

Kriz Absans (ke yo te konn rele “Ti Mal”)

Yon kriz jeneralize, ki prezante piplis kay timoun ki gen ant twa ak katòz lane, se kriz absans. Kriz absans lan sanble li pi lejè pase kriz tonik-klonik la, anreyalite, byen souvan yo panse moun nan ap reve ak je louvri. Kidonk, se pwofesè lekòl elemantè a ki leplisouvan remake twoub sa a anvan menm pèsòn lòt okouran de li.

Lè kriz absans sa a prezante, timoun nan pèdi konesans pandan yon ti tan byen kout, li ka gen yon rega fiks, li ka ap bat zye l, oswa li ka ap woule zye l monte.  Se pa yon bagay ki ra pou yon timoun gen ant 50 a 100 kriz absans pa jou. Epilepsi sa a disparèt kay pifò timoun, lè yo rive nan laj pibète.

Kriz Myoklonik

Kriz myoklonik se lè gen latranblad oswa kontraksyon kò a nan yon misk oswa nan yon gwoup misk, e jeneralman sa pa dire lontan, e li dire sèlman kèlke segonn. Byenke moun ki pa gen epilepsi ka sibi yon myokloni, jeneralman nan epilepsi, kriz myoklonik yo lakòz mouvman anòmal sou toude bò kò a, anmenmtan.

  • Epilepsi myoklonik jivenil: Jeneralman, kriz sa yo kòmanse vè peryòd pibète, e byen souvan yo rive touswit apre timoun nan leve nan dòmi.
  • Epilepsi myoklonik pwogresif: Karakteristik fòm epilepsi sa a se yon konbinezon kriz myoklonik ak kriz tonik-klonik. Etan tan an ap pase, sentòm sa yo jeneralman vin pi mal e yo vin pi difisil pou kontwole.
Kriz Tonik

Karakteristik kriz tonik se kontraksyon ak redisman misk ki fèt sibitman. Souvan, zye yon moun ka vire lanvè, epi misk pwatrin yo ka redi ak kontrakte, sa ki ka fè l pi difisil pou moun nan respire. Kriz sa yo dire pandan yon ti tan kout, e anjeneral yo dire mwenske 20 segonn.

Kriz Klonik

Avèk kriz klonik, misk yon moun tranble ak kontrakte an plizyè fwa, e li enpòtan pou sonje ke lè w imobilize oswa repozisyone moun nan, sa pap kanpe mouvman kriz yo. Kriz klonik yo rive raman.

Kriz Atonik

Pandan yon kriz atonik, misk yo sibitman pèdi tansyon (oswa “fòs”) akòz chanjman tanporè nan fonksyònman sèvo a. Kriz sa yo dire yon ti tan kout, e anjeneral yo dire 15 segonn oswa mwens. Anjeneral, kriz atonik kòmanse depi nan anfans e li dire jiska nan laj granmoun. Byenke jeneralman moun nan rete konsyan e kriz yo yomenm pa koze okenn domaj nan kò a, byen souvan gen domaj endirèk ki prezante lè moun nan tonbe, poutèt mankman nan kapasite pou kontwole misk yo. Dèfwa yo rele kriz atonik yo “kriz tonbe” oswa “atak tonbe”.

 

Kriz FOKAL – ki gen rapò avèk yon zòn ki lokalize nan sèvo a

Anjeneral yo dekri kriz fokal (yo konn rele l “kriz pasyèl” oswa “kriz lokalize” tou) selon sa yo sanble oswa selon sa yo fè moun santi, pa egzanp:

  • San afeblisman konsyans lan oswa konesans lan
  • Li enplike fenomèn sichik oswa sansoryèl ki sibjektif
  • Avèk afeblisman konsyans lan oswa konesans lan, oswa diskoyitif
  • Li devlope an yon kriz epileptik bilateral

Yo kategorize/dekri diferan tip kriz fokal yo grasa tip sentòm kriz prensipal yo.

Kriz Pasyèl Senp

Kriz pasyèl senp ka prezante anvan yon kriz pasyèl konplèks, e nan ka sa yo, trè souvan yo rele yo yon “kriz ora”.  Trè souvan yo karakterize ora a pa yon ti sansasyon byen kout nan vant oswa nan tèt, tankou yon sansasyon ki fè moun nan santi l ap fè fon oswa l ap monte, yon son k ap boudonnen, yon move sant, oswa tach ki parèt devan zye yo. Moun ki ka antrene tèt yo pou yo rekonèt aktivite kriz la anvan li pwopaje nan lòt pati sèvo a ka itilize l kòm yon avètisman pou l pran mezi pou pwoteje tèt li pou l evite domaj ki ka rive pandan kriz la menm.

Kriz Pasyèl Konplèks (yo konn rele l “Lòb Tanporal” oswa “Sikomotris”)

Kriz pasyèl ki pi komen an se sa yo rele kounye a pasyèl-konplèks e ke yo te konn rele anvan lòb tanporal oswa sikomotris. Kriz pasyèl konplèks la gen twa faz ki byen kout:   Moun lan sispann aktivite l ap fè epi l vin toudi epi l gen yon rega fiks.  Alèkile li vin gen yon dal konpòtman ki fèt otomatikman e san rezon, epi anjeneral konpòtman sa yo dire kèlke minit. Pami konpòtman sa yo, moun nan ka bat lèv li, kenbe rad li, boutonnen ak deboutonnen rad li oswa l ka rale dwèt li. Etan moun nan ap repran konesans, li pase pa yon ti peryòd dezoryantasyon ak konfizyon.

 

Revizyon Klasifikasyon Kriz yo

(Rapò Komisyon ILAE 2005- 2009)

  • Kriz jeneralize
    • Tonik-klonik (nenpòt kalite)
    • Absans
      • Tipik
      • Atipik
      • Absans avèk karakteristik espesyal
      • Absans myoklonik
      • Myokloni pòpye je
    • Myoklonik
      • Myoklonik
      • Atonik myoklonik
      • Tonik myoklonik
    • Klonik
    • Tonik
    • Atonik
  • Kriz fokal
  • Yo pa konnen
    • Kontraksyon Epileptik
    • (Evènman yo pa fin dyagnostike klèman nan youn nan kategori ki make pi wo yo)