Li kritik pou yo bay yon dyagnostik egzak sou twoub epileptik la, yon fason pou yo sa preskri tretman apwopriye a, e detèlsòt pou moun nan ka genyen ak kenbe yon fason pou viv ki ansante e ki pwodiktif. Lè yo mal dyagnostike l, sa ka lakòz kriz yo pèsiste. Pi bon fason pou dyagnostike epilepsi se nan fè obsèvasyon atantif ak lè yo dokimante sentòm yo, ansanm avèk tou lè yo fè yon egzamen medikal konplè, ki enkli evalyasyon pèsonèl ak evalyasyon istorik medikal familyal, ak tès newolojik apwopriye.

Obsèvasyon atantif ak dokimantasyon sou sentòm yo:

Reyalite a sèke doktè w la ka pa janm wè lè w gen yon kriz; kwake anpil moun gen aparèy elektwonik ki ka pran moun nan sou videyo. Lè kriz sa yo fèt, li enpòtan pou yo bay yon deskripsyon presi sou sa ki pase a.  Sa ka ede doktè w la deside ki tretman pou l fè pou ou.

Rekòmandasyon suivan yo ka ede w bay yon deskripsyon presi:

  1. Dekri, avèk plis presizyon ke posib, sa w obsève nan yon lòd kwonolojik.
  2. Etandone kantite tan kriz la dire se yon enfòmasyon ki itil pou doktè a, tanpri kalkile tan kriz la pran, lè sa posib.
  3. Si posib, moun ki soufri epilepsi a oswa yon manm fanmi an, fèt pou l ekri nan yon kanè dat la, lè nan jounen an, si gen rezon ki presipite oswa ki pwovoke kriz la epi bay deskripsyon kriz yo.  Deskripsyon sa yo ka gen enfòmasyon swivan yo:
    1. Èske moun nan te pouse yon rèl ak/oswa te fè lòt bwi?
    2. Èske te gen yon epizòd kote je moun nan te fikse epi li pat reyaji oswa moun nan te sanble li t ap reve je louvri oswa ke li te preyokipe?
    3. Èske l te gen kote nan kò l ki t ap kontrakte oswa ki t ap tranble?
    4. Èske moun nan te poupou oswa pipi sou li?
    5. Èske moun nan te sanble ke l te pèdi konesans?
    6. Èske w te remake lèv moun nan t ap bat, ke moun nan t ap boudonnen, èske l t ap kenbe rad li, èske je l t ap bat rapidman, oswa je l t ap vire tankou yon moun ki gen konfizyon?
    7. Apre kriz la, èske moun nan te gen konfizyon, li te gen dòmi oswa li te toudi?
    8. Èske moun nan te sonje yon eksperyans sansoryèl tankou yon move sant, pikotman, sansasyon laperèz, elatriye?
Yon egzamen medikal detaye ki enkli yon evalyasyon sou istorik medikal pèsonèl ak familyal:

Li enpòtan pou yo genyen yon istorik medikal pèsonèl, ansanm avèk yon istorik medikal familyal.  Se yon bòn ide pou pale ak lòt fanmi sou kriz nan fanmi an, etandone moun konn kache enfòmasyon sa a nan fanmi yo.

Tès newolojik apwopriye:

Pwofesyon medikal la itilize yon varyete metòd pou dyagnostike epilepsi; metòd sa yo ka varye ant tès laboratwa jiska teknik imajri.

  • Nòmalman, yo fè yon EEG (elektwo-ansefalogram) . Yon EEG anrejistre aktivite elektrik la ak tandans sèvo a.
  • MRI (imajri a rezonans mayetik) se yon bagay yo ka fè. Imaj MRI se foto sèvo a. Yo ka revele timè, tisi sikatrize ak chanjman estriktirèl.
  • Nan sèten ka, yo gen dwa mande pou yon videyo pou pasyan ki entène lopital/siveyans EEG nan yon sant konpreyansif pou epilepsi.

Met nan tèt ou ke lè yon moun gen yon kriz oswa gen yon evènman ki sanble yon kriz, sa pa vle di nesesèman ke moun nan gen epilepsi. Gen plizyè kondisyon yo dyagnostike enkòrèkteman kòm epilepsi; pami kondisyon sa yo, genyen:

  • Kriz febril, yon kriz ki rive souvan kay timoun e ke se yon tanperati kò ki wo ki deklanche l.
  • Epizòd kenbe souf
  • Aksidan Iskemik Tranzitwa (TIA), enteripsyon kout sikilasyon san an nan sèvo a.
  • Twoub sikyatrik: kriz panik, kriz sikojèn
  • Senkòp
  • Tik