Apeprè 60% kriz epileptik yo ka kontwole pasyèlman oswa totalman avèk medikaman.  Yon fwa yo kontwole pwoblèm lan, anpil moun ki gen epilepsi vin pratikman pa gen okenn kriz pandan tout lavi yo, konsa yo ka fè nenpòt ki travay e yo ka patisipe nan laplipa aktivite ki genyen. Gen nouvo medikaman ki disponib ki trèsouvan pèmèt mentni oswa menm amelyore fason yo kontwole kriz yo san pa gen anpil efè segondè, kidonk kalite vi moun nan vin amelyore.  Mande doktè w la kilès nan nouvo medikaman yo ki pi bon ou.

Medikaman yo itilize pou kontwole kriz epileptik yo rele medikaman anti-epileptik (oswa AED nan lang angle). Yo aji nan de (2) fason prensipal:

  • Yo toufe aktivite endezirab newon ki domaje yo, konsa yo minimize dechaj elektrik la.
  • Yo diminye reyaksyon newon nòmal ki toupre yo, konsa yo bloke eksè dechaj elektrik la pou l pa pwopaje nan lòt kote nan sèvo a.

Objektif moun ki gen epilepsi a se pou l jwenn medikaman patikilye a oswa konbinezon medikaman yo ki pral kontwole kriz yo omaksimòm etan yo minimize efè segondè yo.  Byensouvan sa mande yon peryòd eksperimantasyon koperatif ak obsèvasyon, epi pandan peryòd sa a, yo eseye medikaman yo epi yo ajiste dòz yo jiskaske yo jwenn rezilta y ap chèche a.

Gen yon pousantaj moun ki epileptik ki gen kriz ke medikaman pa ka byen kontwole. Pou anpil nan moun sa yo, gen anpil modalite tretman ki disponib aktyèlman. Chiriji resektif se opsyon preferab la pou moun ki gen kriz pasyèl ki fèt nan yon sèl pwen ki nan yon kote ke yo ka opere.  Nan chiriji resektif, yo idantifye pòsyon nan sèvo a kote orijin kriz la ye epi yo wete l.

Pou moun ki pa bon kandida pou chiriji resektif, gen yon lòt opsyon ki se estimilatè nè vag (vagus nerve stimulator: VNS).  Pou sa fèt, yo mete yon aparèy ki tankou yon estimilatè kadyak (pesmakè) sou lestomak moun nan ki tache a yon fil ki plòtone otou nè vag la epi ki estimile l ak dechaj elektrik. Avèk VNS, yo remake frekans ak gravite kriz yo te diminye toutbon (byenke sa te rive raman ke li pat elimine kriz yo konplètman) kay plizyè moun.  Gen lòt kalite estimilatè ke y ap devlope aktyèlman.

Rejim setojèn, se yon rejim alimantè ki pa gen anpil glisid ladann men l gen anpil grès ke yo konn itilize pafwa, leplisouvan yo itilize l pou timoun.  Se yon rejim ki gen anpil restriksyon ladann ke yo enpoze yon pasyan ki entène lopital e yo sipèvize l avèk anpil atansyon.  Gen sèten rejim alimantè yo modifye e ke yo itilize avèk siksè plizoumwen.

Moun ki kandida pou youn nan pwosedi sa yo, yo oblije fè tès pou yo pou konnen si yo gen kapasite pou fè entèvansyon sa yo.  Anjeneral se sèlman nan sant medikal ki espesyalize nan tretman epilepsi ke pwosedi sa yo disponib.